csi info 13: laws cont. 2

csi info 13: laws cont. 2 environment and development in coastal regions and in small islands lwa ki gen pou wè ak anviwònman kotye ak lapèch nan peyi d ayiti  csi info 13 lois relatives à l’environnement côtier et à la pêche en haïti                        décret 27 octobre 1978 sur la pêche moniteur n° 81 dr. françois duvalier président à vie de la république décret    dekrè 27 oktòb 1978 sou lapèch monitè n° 81 doktè françois duvalier prezidan avi repiblik d ayiti dekrè des sociétés coopératives de pêche et de protection sou zafè koperativ pèch ak sou pwoteksyon article 71. on entend par coopérative de pêche une société de personnes librement constituée s'intéressant à une entreprise économique de pêche qu'elle dirige et contrôle selon les principes des intérêts mutuels de ces personnes. article 72. sous la supervision du service des pêcheries, les coopératives de pêche sont tenues de donner une formation professionnelle à leurs activités. article 73. la secrétairerie d'État de l'agriculture, des ressources naturelles et du développement rural aidera à procurer du matériel indispensable, et à l'installation d'établissements de transformation. elle leur prêtera son assistance technique et financière dans l'exercice de leurs activités. article 74. elle peut organiser des coopératives halieutiques qui fonctionnent à l'instar des sociétés similaires. une quotité de 20% des taxes et des amendes imposées dans le domaine des pêches sera exclusivement affectée au développement de ses coopératives. article 75. les coopératives de pêches adresseront au service des pêcheries un rapport mensuel sur les prix et un plan annuel d'opération, relatifs à leurs activités de production, de commercialisation et de gestion. article 76. il est interdit de transborder le produit de la pêche d'une embarcation à une autre, en haute mer, ou au port. article 77. les compagnies ou sociétés de pêche, autorisées à opérer dans les eaux nationales sont obligées d'avoir des installations à terre, avant même de commencer leurs opérations. atik 71. yon koperativ pou lapèch se yon gwoup moun ki deside mete tèt yo ansanm pou yo mene yon aktivite ekonomik e ki chita sou prensip defann enterè group la. atik 72. koperativ pèch, ki dwe travay sou sipèvizyon sèvis lapèch, dwe mennen aktivite yo kòmsadwa. atik 73. sekretèri d eta pou zafè agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral dwe ede koperativ yo jwenn materyèl nesesè, epitou konstwi ak òganize kote yo pral netwaye ak prepare pwason yo. fòk sekretèri d eta a bay koperativ la konkou teknik ak konkou lajan pou yo sa mennen aktivite yo. atik 74. sekretèri d eta a kapab òganize koperativ pèch menm jan ak konpayi ki fè menm travay sa a.  l eta ap bay 20% taks li leve sou moun ki nan aktivite la pech pou devlopman koperativ sa yo. atik 75. koperativ pèch yo dwe fè yon rapò chak mwa bay sèvis lapèch sou pri pa yo, ak sou pwojè yo gen pou ane a, sou pwodiksyon yo, sou aktivite yo, ak sou jan yo dirije koperativ la. atik 76. lalwa peyi d ayiti pa bay pèsonn dwa travese pwodui pèch sòti abò yon bato pou ale abò yon lòt pandan bato a sou lanmè, ni pandan bato a nan yon pò. atik 77. konpayi oswa gwoup moun ki fè lapèch oubyen ki gen otorizasyon fè lapèch nan dlo peyi d ayiti oblije gen biwo yo sou tè anvan menm yo kòmanse mennen aktivite yo sou dlo. article 78. la coopérative de pêche artisanale, légalement constituée et autorisée à fonctionner, bénéficie : de la franchise douanière pour ses premiers équipements et installations; de l'exonération du paiement de la patente, de l'impôt sur le revenu, de la taxe sur les carburants et lubrifiants destinés à ses activités pendant les premières années de son fonctionnement. pour bénéficier des avantages, la coopérative adressera à la secrétairerie d'État de l'agriculture, des ressources naturelles et du développement rural une requête accompagnée de l'acte constitutif de la société, de son autorisation de fonctionner, de la liste des pêcheurs coopérateurs, de la liste des engins, matériels et des matériaux à utiliser. article 79. sur le rapport favorable du service des pêcheries, la secrétairerie d'État de l'agriculture, des ressources naturelles et du développement rural fera droit aux dites demandes par lettre notifiée à la requérante et publiée dans le moniteur et dans l'un des quotidiens de la capitale. avis en sera donné à tous services intéressés. les avantages pourront être abrogés en raison de la mauvaise gestion de la coopérative, cas d'abus ou de fraude enregistré dans son fonctionnement. ces avantages sont attachés à la coopérative. ils ne pourront être étendus aux membres chargés des opérations, ni aux coopérateurs qui se livrent à des activités personnelles. article 80. les bateaux travaillant pour compte des compagnies de pêche autorisées sont obligés d'avoir leurs ports d'attache dans un lieu pourvu en eau, en électricité avec installations adéquates. atik 78. koperativ atizanal pou lapèch ki tabli jan lalwa mande sa e ki gen otorizasyon fonksyone, ap benefisye: yon franchiz dwann pou premye ekipman yo ak premye enstalasyon yo. ekzonerasyon patant, ekzonerasyon enpo sou revni, sou taks, sou gaz ak luil li itilize pou aktivite li pandan premye ane travay li. pou li kapab benefisye avantaj sila yo, fòk koperativ la fe yon demann bo kote sekretèri d eta pou zafè agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral, ansanm ak tout ak konstititif koperativ la, otorizasyon fonksyònman li, lis moun ki fè pati koperativ la, epitou lis materyèl ak motè koperativ la pral itilize. atik 79. si sèvis lapèch la bay bon rapò sou sa, sekretèri d eta pou zafè agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral ap bay koperativ la otorizasyon li mande a, l ap ekri bay koperativ la; yon lét k ap pibliye nan jounal le moniteur ak nan yon jounal ki sòti chak jou nan kapital peyi a. sekretèri d eta pou zafè agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral ap enfòme tout biwo l eta yo sou sa. si yon koperativ mal jere, oswa si gen abi oswa vòl nan jan koperativ la ap fonksyone, koperativ la kapab rive pèdi avantaj sila yo. se sèl koperativ la ki benefisye avantaj sa yo. manm ki reskonsab pou fè koperativ la mache ak lòt manm koperativ la pa gen dwa pwofite avantaj koperativ la pou regle zafè pa yo. atik 80. bato ki travay pou konpayi ki fè lapèch oblije gen pò datach yo nan yon kote ki gen dlo, ak elektrisite, ak tout sa bato a bezwen pou li fonksyone kòmsadwa. de la pollution des eaux et de la protection de certaines espèces sou zafé polisyon dlo ak pwoteksyon bèt ak plant nan dlo article 94. la pollution est l'ensemble des apports de matières néfastes à la vie. elle est d'ordre physique, chimique, organique. article 95. nul n'est admis : à déverser dans la mer et les cours d'eau des matières susceptibles d'affecter leur écologie; à ajouter des drogues aux appâts de nature à enivrer le poisson ou à le détruire; à faire usage de la dynamite ou d'autres produits de même nature pour capturer le poisson. article 97. il est formellement interdit : de capturer, de vendre, d'exporter le triton (charonia variegata); de pêcher la tortue, le caret durant les mois de mai à octobre (saison de la ponte); de ramasser des oeufs de tortue de toute espèce dans les eaux territoriales, spécialement ceux de caret et de tortue; de capturer des tortues de mer, des carets sur la plage; de collecter les crabes de mer entre le 1er décembre et le 31 mai; de pêcher les pinnipèdes (phoque, otarie), les cétacés (cachalot, dauphin, marsoin) dans les eaux territoriales, sans une autorisation spéciale de la secrétairerie d'État de l'agriculture, des ressources naturelles et du développement rural; de couper les mangliers servant de gîtes à différentes espèces aquicoles (les huîtres en particulier). article 98. toute personne se livrant à l'exploitation des huîtres est soumise à l'obtention d'un permis spécial du service des pêcheries. article 99. la capture des pisquettes de rivière et d'embouchure est interdite. toutefois la grosse pisquette, anchois "gros yeux", peut être capturée et utilisée comme appât par les pêcheurs munis d'une licence de pêche. article 100. il est interdit d'exploiter des coraux quels qu'ils soient. il en est de même des éventails de mer, des pierres calcaires au fond de la mer. article 101. a une distance inférieure de 50 mètres de l'aire des sites de protection désignés comme parcs nationaux, la capture et l'exploitation des fruits de mer sont interdites. article 102. le périmètre des sites désignés comme parcs nationaux sera indiqué par des bouées de signalisation phosphorescentes. atik 94. polisyon se tout bagay ki pat la anvan e ki nuizib pou lavi. gen plizyè kalite polisyon: gen polisyon fizik, gen polisyon chimik, ak polisyon òganik. atik 95. pèsonn pa gen dwa: jete nan lanmè oswa nan dlo anyen ki kapab reprezante yon danje pou dlo a oswa pou lanati; mete dwòg nan apa (lak) yo yon jan pou pwason kapab desounen pou moun sa trapé yo oswa detui yo pi fasil; itilize dinamit oswa pwodui ki eksploze pou atrape pwason. atik 97. lalwa peyi d ayiti di pèsonn pa gen dwa: trape, vann oswa ekspòte bèt ki rele triton (charonia variegata); kenbe tòti oswa karèt nan mwa me pou rive mwa oktòb (sezon bèt sa yo ponn); ranmase ze tout kalite tòti nan dlo peyi d ayiti, espesyalman ze karèt ak ze tòti; kenbe tòti ak karèt sou plaj yo; ranmase krab lanmè ant premye desanm ak tranteyen me; kenbe pinipèd (fòk, otari), setase (soufle, dofen, maswen) nan dlo peyi d ayiti, san yon otorizasyon espesyal ki sòti nan sekretèri d eta pou zafè agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral. koupe mang (mangliye, mangwov) kote plizyè kalite bèt kiwòl (zwit espesyalman) konn kache. atik 98. pou yon moun gen dwa ranmase zwit pou vann , fòk li mande yon otorizasyon espesyal pou sa nan sèvis lapèch. atik 99. lalwa entèdi kenbe piskèt nan rivyè ak nan lanbouchi rivyè. men lalwa pèmèt moun k ap fè lapèch ak bonjan otorizasyon kenbe gwo piskèt "anchwa", "gwoje" epi tou pechè sa yo kapab sevi ak gwo piskèt sa yo kòm apa (lak). atik 100. lalwa peyi d ayiti pa bay pèsonn dwa ranmase okenn kalite koray (blak koro, koray nwa, etc.). se menm bagay tou pou evantay lanmè, ak wòch kalkè (wòch sik, wòch jinjanm, etc.) ki nan fon lanmè a. atik 101. lalwa peyi d ayiti pa bay pèsonn dwa kenbe ni trapé bèt lanmè pou al vann nan yon distans ki pipiti pase 50 mèt pa rapô zòn l eta bay pwoteksyon espesyal epi li deziyen kòm pak nasyonal. atik 102. limit zòn l eta deziyen kòm pak nasyonal dwe byen make ak bwe ki klere lannuit. de la commercialisation des fruits de mer sou zafè kòmès bèt lanmè article 103. la licence de pêche sera refusée : à toute personne non identifiée, après enquête, par le service des pêcheries, comme amateur ou professionnel; à tout pêcheur récidiviste comdamné plus de deux fois pour infraction à la présente loi. article 106. les agents intermédiaires ou postiers ne peuvent acheter ni délivrer la langouste entière qu'au poids de 16 onces ou d'une livre au moins. ils sont obligés d'avoir des viviers flottants, de garder l'animal vivant aussi longtemps que possible. article 109. sont assujettis au paiement d'une patente : de 1000 gourdes, toutes les entreprises d'exportation des fruits de mer; de 100 gourdes, tous les agents intermédiaires ou postiers; de 10 gourdes, tous les propriétaires de canots de pêche. ces taxes seront payées annuellement à l'administration générale des contributions du 1er au 30 octobre. sera apposé un timbre de justice sur tous : de 25 gourdes sur le récépissé de 1000 gourdes, de 5 gourdes sur le récépissé de 100 gourdes et d’une gourde sur celui de 10 gourdes. article 110. tout établissement commercial débitant les fruits de mer tiendra un registre où sont consignés journellement les achats et ventes par catégories, y compris le prix et la provenance. ce registre portera le sceau du service des pêcheries et des timbres de justice pour tous s'élevant à 10 gourdes, outre les formalités prescrites par le code de commerce. article 111. la pêche de la langouste (homard) est fermée du 1er avril au 30 septembre de chaque année en vue de la protection de l'espèce. article 112. est interdite en toute saison la vente de la langouste grénée, chargée d'oeufs. il est également défendu de livrer à la commercialisation des langoustes en cours de mue et dont les oeufs ont été volontairement enlevés. article 113. sont également interdites : la vente de la langouste à ventre noir (nourriture) sur le marché local ou extérieur, de même qu'à l'exportation; toute capture, vente locale de la chair de langouste de moins de 151 grammes ou 5 onces; l'exportation, la vente locale de la chair de langouste (homard) émiéttée. seule la queue de la langouste pesant au moins 5 onces est commerciale. article 116. la longueur des crustacés se mesure du sommet de l'oeil jusqu'à l'extrémité postérieure de l'animal ou à l'extremité de sa queue. article 121. les inspecteurs qualifiés du service des pêcheries ont libre accès partout, à toutes les plages, à toute installation (hôtels et autres) établie sur le littoral, le long des fleuves, des rivières, ce, aux fins de contrôle d'inspection. article 122. il est interdit : de capturer, de vendre, d'acheter les petites lambis "cocoye" et de se livrer au commerce de leur coquille; d'exporter la chair de caret, de tortue, et leurs écailles, sans une autorisation du service des pêcheries : d'exporter les coquillages suivants sans une autorisation du service des pêcheries : nerita peloronta (dent saignante), linova pica (brigo noir), cassis tuberosa, cassis madagascariensis (casques); d'exporter la langouste, le lambi à l'état brut, sans nettoyage adéquat; d'utiliser les produits chimiques tels que : salpêtre, clorox, et autres pour le parage des fruits de mer. d'employer le réfrigérateur comme moyen d'entreposage, là où la chambre froide est exigible. article 124. la capture, l'exploitation des gastéropodes "lambis" sont interdites jusqu'à nouvel ordre dans les eaux des départements géographiques du nord et du nord-ouest pour permettre la régénération de l'espèce. un communiqué rapportant cette interdiction sera publié au besoin par le département de l'agriculture, des ressources naturelles et du développement rural. article 127. les plans de construction des marchés affectés au commerce des fruits de mer ne pourront être exécutés qu'avec l'approbation du service des pêcheries. il en est de même de la construction des bateaux et canots de pêche. l'obligation est à la charge du constructeur. article 131. sont des contraventions à la présente loi et seront jugées par le tribunal de simple police compétent: les infractions aux articles suivants: 43, 63, 83, 85, 93, 96, 97, 98, 99 (1er alinéa), 105, 106, 109 (3ème alinéa), 119,121 et 129. elles sont punies d'une amende de 100 à 500 gourdes ou d'un emprisonnement de 1 à 6 mois en cas de non paiement. les infractions aux articles 13 et 104. elles sont punies d'une amende de 100 à 500 gourdes ou d'un emprisonnement de 2 à 6 mois. le stock sera confisqué pour être immédiatement vendu et le produit de la vente consigné à la caisse des dépôts et consignations. les infractions aux articles 10, 28, 30, 35, 42, 44, 46, 47, 48, 51, 89, 97 (2ème alinéa et 4ème alinéa) et 101. elles sont punies d'une amende de 25 à 50 gourdes ou d'un emprisonnement de 15 jours à un mois. dans le cas des articles 30 et 101, le stock et l'engin seront confisqués. les infractions à l'article 69 (1er alinéa). elle sont punies d'une amende de 100 à 500 gourdes ou d'un emprisonnement de 1 à 3 mois s'agissant de pêcheurs se livrant à la pêche artisanale. les infractions aux articles 112, 113 (2ème alinéa et 3ème alinéa), 112 (1er alinéa). elles sont punies d'une amende de 100 à 500 gourdes ou d'un emprisonnement d’un mois en cas de non paiement, s'agissant de pêcheurs artisanaux; les infractions aux articles 113 (1er alinéa), 122 (2ème alinéa et 5ème alinéa). elle sont punies d'une amende de 100 à 500 gourdes ou d'un emprisonnement de 1 à 3 mois. le stock sera saisi et détruit. dans le cas de l'article 122 (2ème alinéa), il sera vendu et le produit déposé à la bnrh au compte du marndr. atik 103. l eta pa p bay pèmi fè lapèch: okenn moun sèvis lapèch pa ka idantifye aklè menm apre ankèt, kòm moun ki se amatè bato oswa ki fè lapèch kòm pwofesyonèl; tout moun ki fè lapèch l eta te deja kondane de (2) fwa poutèt moun nan pa respekte lalwa sou zafè lapèch. atik 106. ajan entèmedyè pa gen dwa ni achte ni vann gwoma antye ki peze mwens pase 16 ons, oswa yon liv pou pipiti. lalwa mande moun sa yo pou yo gen vivye ki flote, epitou pou gade bèt la vivan pou pi lontan posib. atik 109. men kimoun ki dwe peye patant: tout konpayi ki ekspòte bèt lanmè, 1000 goud; tout ajan entèmedyè,100 goud; tout pwopriyetè bato pèch,10 goud. taks sila yo dwe vèse chak ane nan biwo kontribisyon, ant premye ak trant oktòb. epitou, fòk yon tenm jistis pou tout moun 25 goud kole sou resepise 1000 goud la, yon tenm 5 goud, sou resepise 100 goud la, oswa yon tenm yon (1) goud sou resepise 10 goud la. atik 110. tout konpayi ki vann bèt lanmè dwe kenbe yon rejis kote chak jou yo dwe make sa yo achte ak sa yo vann pa espes, epitou pri ak kote bagay yo sòti. fòk rejis sila a gen so sèvis lapèch, ak tenm ministe jistis (pou tout moun 10 goud), epitou fòk yo ranpli tout lòt fòmalite kòd kòmès peyi d ayiti. atik 111. lalwa peyi d ayiti pa bay pèsonn dwa peche gwoma ant premye avril rive (30) trant sektanm nan chak ane. mezi sa a se pou pwoteje bèt la. atik 112. lalwa peyi d ayiti pa bay pèsonn dwa vann gwoma grennen oswa ki plenn pandan okenn moman nan ane a. menm jan an tou, pèsonn pa gen dwa retire ze yon gwoma pou li kapab vann gwoma a. atik 113. menm jan an tou, lalwa peyi d ayiti pa pèmèt pèsonn: vann goma vant nwa (sa moun manje a) kit se sou mache lokal la, kit se aletranje, kit se pou ekspòtasyon; ni kenbe, ni vann gwoma, si vyann gwoma a peze pipiti pase 151 gram oswa 5 ons; ni fè ekspòtasyon, ni vann sou mache lokal la vyann gwoma an chikèt. se sèlman ke goma ki peze 5 ons pou pipiti ki gen dwa vann. atik 116. lè yon moun ap mezire longè yon kristase (gwoma, krevèt, kribich), se pou li pran mezi a sòti nan jye bèt la jouk rive nan finisman bout anba bèt la, oswa ke li. atik 121. se pou tout enspektè sèvis lapèch jwenn pasaj tout kote yo mande antre, kit se sou plaj, kit se nan lotèl ak lòt etablisman ki sou arebò lanmè, bò larivyè, pou yo kapab fè travay yo kòmsadwa. atik 122. lalwa peyi d ayiti entedi tout moun: kenbe, vann, achte ti lanbi piti "kokoy", pèsonn pa gen dwa non plis vann koki bèt sa; ekspòte vyann karèt, tòti, ak kal bèt sa yo si moun nan pa gen yon otorizasyon sèvis lapèch. ekspòte koki sila yo ki nan lis ki vini apre a san yon otorizasyon sèvis lapèch: nerita peloronta (dan senyen) linova pica (brigo nwa) cassis tuberosa, cassis madagascariensis (kas) ekspòte gwoma, lanbi, lanbi brit ki pa netwaye kòmsadwa;  itilize pwodui chimik kòm pa ekzanp salpèt, kloroks, ak yon seri lòt pwodui pou netwaye bèt lanmè; konsève bèt lanmè nan frijidè si se yon chanm fwad ki ekzijibleman nesesè. atik 124. pèsonn pa gen dwa ni kenbe, ni vann pasteropòd "lanbi" nan dlo depatman jeografik ni nò ak nòdwès peyi d ayiti jouk tan l eta pa fè deklarasyon. desizyon sa a se pou pèmèt bèt sa a repwodui tèt li. lè l eta va leve entèdiksyon sa a, depatman agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral ap pibliye yon kominike sou sa. atik 127. fòk sèvis lapèch la bay yon otorizasyon espesyal pou konstriksyon mache kote yo vann pwodui lanmè. se menm jan an tou, pou konstriksyon bato ak kannòt ki sèvi pou fè lapèch. se boss reskonsab la ki dwe mande otorizasyon sila a. atik 131. moun ki an kontravansyon ak lalwa peyi d ayiti ap jije pa tribinal senp polis ki gen dwa jije koz sa yo: infraktion atik: 43, 63, 83, 85, 93, 96, 97, 98, 99 (1er lin), 105, 106, 109 (3ème lin), 119,121, ak 129 ap pini ak you amand de 100 à 500 goudes obien y'ap voye'ou nan prizon pou ent 1 ak 6 mya si ou pa paye. infraktion atik 13 ak 104 ap pini ak ou amand de 100 à 500 goudes epi tou ou gen pou ou al nan prizon pou ent 2 ak 6 mwa. y'ap konfiske stok ou pou yo ven li imedaktement e tout kob you fe y'ap mete'l nan youn kais depot ak konsignation. infraktion atik 10, 28, 30, 35, 42, 44, 46, 47, 48, 51, 89, 97 (2ème lin ak 4ème lin) ak 101 ap pini ak you amand de 25 a 50 goudes obien y'ap voye'ou nan prizon pou ent 15 jou ak you mwa. nan ka atik 30 ak 101, ni stok la ni mateyel la ap sezi. infraktion atik 69 (1er lin) ap pini ak youn amand de 100 a 500 goudes obien y'ap voye'ou nan prizon pou ent 1 ak 3 mwa si ou se youn peche atizanal. infraction atik 112, 113 (2ème lin ak 3ème lin), 112 (1er lin) ap pini ak youn amend de 100 a 500 goudes obien y'ap voye'ou nan prizon pou 1 mwa si ou pa peye si ou se youn peche atizanal. infraktion atik 113 (1er lin), 122 (2ème lin ak 5ème lin) ap pini ak youn amand de 100 a 500 goudes obien y'ap voye'ou nan prizon pou 1 a 3 mwa. y'ap sezi stok ou epi y'ap detwi'l. nan ka atik 122 (2ème lin) yap ven stok la epi kob ki fet la pwal nan you kont marndr nan bnrh.              promotion et protection des ressources naturelles sou zafè pwomosyon ak pwoteksyon resous natirèl peyi d ayiti article 133. dans le cas de récidive, il sera appliqué les deux peines à la fois. en outre, le contrevenant aux articles 86, 87, 88 et 95 sera astreint à détruire le barrage, l'appareil ou le dispositif qu'il aura placé pour empêcher le passage des poissons frais et les alevins. si l'infraction est constituée par l'usage, soit de produits chimiques, soit de stupéfiants, soit d'explosifs qu'il aura placés pour pêcher, le contrevenant sera astreint en plus des peines prévues par la loi, à remettre au service des pêcheries pour être détruite, la matière dont l'usage est interdit et dont il se sera servi. article 134. en matière de pêche, seul le fait matériel suffit pour qu'il y ait condamnation sans que le juge puisse tenir compte de l’erreur ou de la bonne foi. toutefois, l'absence de volonté (démence, force majeure) ou le manque de discernement peut entraîner l'acquittement. article 136. tout jugement ou arrêt prononçant une condamnation pour délit de pêche doit exclure le condamné des associations de pêche et pisciculture pour une durée qui ne peut être inférieure à 3 mois, ni supérieure à 2 ans. en cas de récidive, cette exclusion sera de 1 an à 3 ans. article 137. les règles de l'opposition, de l'appel et du pourvoi en cassation sont celles prévues par le code d'instruction criminelle et les lois spéciales relatives à l'appel en matière pénale. atik 133. si l eta kenbe yon moun ankò apre li te deja fè sa ki pasa, moun sa a ap sibi doub pinisyon. epitou, moun ki dezobeyi atik 86, 87, 88 ak 95 ap oblije detwi baraj la, oswa zouti, oswa bagay li te mete pou li te anpeche pasaj pwason ak alven. si se pwodui chimik, oswa dwòg, oswa eksplozif moun nan itilize pou li kenbe pwason, anplis de pinisyon lalwa prevwa pou sa, moun sa a k ap dezobeyi lalwa ap oblije remèt tout bagay sa yo bay sèvis lapèch pou l eta kapab detwi tout sa li itilize san otorizasyon l eta. atik 134. nan zafè lapèch, se sou sa moun nan fè, jij ap jije li epitou kondane li si li te antò, san jij la pa pran an konsiderasyon laperèz moun nan, ni bònfwa li. men si moun nan pa te gen entansyon fè mal, oswa si moun nan te anba yon kriz foli, oswa ankò si moun nan te nan yon sityasyon kote li pa ka fè lòt jan, li gen chans jwenn akitman. atik 136. tout jijman ki kondane yon moun paske li fè sa ki pa sa nan kestyon lapèch, dwe tou entèdi moun sa a patisipe nan tout asosyasyon pechè oswa fè elvaj pwason pandan yon tan ki pa piplis twa (3) lane, ni pou pipiti de (2) lane. si malgre kondanasyon an, moun nan rekòmanse ankò, entèdiksyon sa a dwe ale de yon (1) lane pou rive twa (3) lane. atik 137. jan yon moun kapab fè opozisyon, apèl oswa fè pouvwa pa devan lakou kasasyon se jan ki prevwa nan kòd enstriksyon kriminèl ak lalwa espesyal peyi d ayiti sou zafè apèl kesyon penal yo. des dispositions spéciales dispozisyon espesyal article 138. les infractions à la présente loi seront constatées par procès-verbal d'un agent qualifié. s'il s'agit de simple contravention, le prévenu sera déféré au tribunal de simple police de la commune du lieu de la contravention, et en cas de délit devant le tribunal correctionnel. article 142. il est ouvert à la bnrh, un compte spécial denommé "compte pour la promotion et la protection des ressources naturelles biologiques" de la mer (cpprnb). les valeurs perçues par le bureau des contributions en vertu de la présente loi seront versées au dit compte. le tirage de ces fonds ne pourra se faire que sur la triple signature du secrétaire d'État de l'agriculture, des ressources naturelles et du développement rural, du directeur du service des pêcheries, du comptable de ce service. article 143. il sera créé, dans le cadre des pêcheries, une section de crédit et d'assurance maritime pour la protection de la vie des pêcheurs et pour le développement de la pêche et de l'industrie halieutique en général. article 144. toute entreprise autorisée à s'installer le long du rivage de la mer est tenue de respecter l'espace réservée aux débarcadères des pêcheurs. elle observera pour l'implantation de son établissement une distance de 50 m à partir de la ligne du littoral, et de 25 à 50 m de chaque côté de la ligne médiane du débarcadère. cette étendue extensible à 500 m constitue une zone affectée au service des pêcheries. article 146. toute mesure jugée utile à la promotion de la pêche et non prévue par la présente loi sera prise par un communiqué du secrétaire d'État de l'agriculture, des ressources naturelles et du développement rural. elle s'impose à tout pêcheur ou à tout concessionnaire opérant dans les eaux relevant de la souveraineté haïtienne. en cas d'inobservance des dites mesures, le contrevenant encourt une sanction administrative : le retrait provisoire ou définitif de l'autorisation prévue à l'article 3 de la présente loi. atik 138. se yon ajan l eta mete espesyalman pou sa ki dwe fè konsta lè yon moun dezobeyi lalwa sila a. konsta sila dwe konsiyen nan yon pwosè-vèbal. si se yon senp kontravansyon, prevni an dwe konparèt devan tribinal senp polis nan komin kote li te fè zak la, men si se yon deli moun nan te kòmèt, li dwe konparèt devan tribinal koreksyonèl. atik 142. leta ouvri yon kontanbank espesyal nan bnrh ki rele "kont pou pwomosyon ak pwoteksyon resous natirèl biyolojik" lanmè (kpprnb). daprè lwa sila, se nan kont sa lajan l eta ranmase dwe depoze. fòk gen twa (3) siyati pou prelve lajan sou kontanbank lan: siyati sekretè l eta agrikilti, resous natirèl ak devlòpman riral, siyati direktè sèvis lapèch, ak siyati kontab nan sèvis sa a. atik 143. andedan sèvis lapèch la, fòk gen yon seksyon kredi ak asirans maritim pou pwoteksyon lavi moun ki fè lapèch, pou devlòpman lapèch et lòt endistri ki travay ak tout kalite pwodi lapèch. atik 144. tout konpayi l eta otorize travay bò lanmè a dwe respekte zòn l eta rezève kòm waf pou moun ki fè lapèch. fòk konpayi sa a pa mete lokal li yon distans ki pipiti pase 50 mèt apati de 25 a 50 mèt liy rivaj la, sou chak bò waf la. zòn sa a ki ka rive jouk 500 mèt dwe rezève pou sèvis lapèch. atik 146. l eta gen dwa pran tout lòt mezi ki pa prevwa nan règleman sila yo, depi li panse li pwofitab pou lapèch. se sekrèteri d eta pou zafè agrikilti, resous natirèl ak devlopman riral ki va siyen kominike sila a. epitou, tout moun ki fè lapèch, tout moun ki vann pwodui lapèch, ak tout moun ki fè travay nan dlo peyi d ayiti dwe respekte règleman sa yo. si moun nan pa respekte règleman sa yo, l eta kapab pran sanksyon administratif kont li: ap pèdi otorizasyon l eta te ba li a swa pou yon ti tan, swa li kab pèdi l nèt, jan atik 3 lalwa sila a mande.      décret du 7 août 1972 déclarant zone touristique la portion située dans la région de montrouis jean-claude duvalier président à vie de la république décret dekrè 7 out 1972 ki deklare zòn bò kòt monwi yon zòn touristik jean-claude duvalier prezidan avi repiblik d ayiti dekrè article 1er. est déclarée "zone réservée", pour des projets de développement touristique considérés d’utilité publique, la portion du territoire de la république située dans la région de montrouis et limitée par les coordonnées 7.39 à 7.43 d’une part, 20.95 à 20.99 d’autre part, de la carte géodésique (page n° 5.672, inw) du service de géodésie et des forces armées d’haïti. atik 1. a pati piblikasyon kominike sila a, zòn peyi d ayiti bò kòt monwi e ki make pa koòdone 7.3 a 7.43 sou yon bò, ak 20.95 a 20.99 sou lòt bò, sou kat jeodezi (paj 5.672 (inw) sèvis jeodezi ak foslame peyi d ayiti) deklare kòm "zòn rezève" pou devlòpman touristik yon bagay ki enpòtan pou tout peyi a. début introduction activités publications recherche pratiques éclairées régions thèmes  

csi info 13: laws cont. 2  Précédent 321  Précédent 320  Précédent 319  Précédent 318  Précédent 317  Précédent 316  Précédent 315  Précédent 314  Précédent 313  Précédent 312  Précédent 311  Précédent 310  Précédent 309  Précédent 308  Précédent 307  Précédent 306  Précédent 305  Précédent 304  Précédent 303  Précédent 302  Précédent 301  Précédent 300  Précédent 299  Précédent 298  Précédent 297  Précédent 296  Précédent 295  Précédent 294  Précédent 293  Précédent 292  Suivant 323  Suivant 324  Suivant 325  Suivant 326  Suivant 327  Suivant 328  Suivant 329  Suivant 330  Suivant 331  Suivant 332  Suivant 333  Suivant 334  Suivant 335  Suivant 336  Suivant 337  Suivant 338  Suivant 339  Suivant 340  Suivant 341  Suivant 342  Suivant 343  Suivant 344  Suivant 345  Suivant 346  Suivant 347  Suivant 348  Suivant 349  Suivant 350  Suivant 351  Suivant 352